Accessibility links

Breaking News

Dapre PDG TikTok, Lachin Toujou gen Aksè ak Done Itilizatè Ameriken yo


Responsab TikTok Shou Zi Chew temwaye devan Komisyon Eneji ak Komes Lachanm Depite Etazini, 23 Mas, 2023.
Responsab TikTok Shou Zi Chew temwaye devan Komisyon Eneji ak Komes Lachanm Depite Etazini, 23 Mas, 2023.

PDG TikTok Shou Chew pale devan kongrè ameriken an kote li rekonèt ke platfòm lap dirige a toujou gen ansyen enfòmasyon sou itilizatè ameriken ki stoke nan sèvè ke yo genyen nan peyi Lachin, e anplwaye Tiktok Chinwa yo toujou gen aksè ak enfòmasyon sa yo.

Se sa otorite Ameriken yo akize konpayi an ki fè yo te menase pou entèdi platfòm nan Ozetazini paske, dapre yo, sa se yon risk pou sekirite nasyonal peyi a.

Shou Chew deklare devan Kongrè Ameriken an "Gen toujou enfòmasyon sou itilizatè Ameriken ke nou bezwen efase." Li di, “sa pwal yon gwo priyorite pou nou.”

Devan Kongrè a PDG a pran lòt angajman, li di :

Dezyèmman, nou pral bloke aksè ke peyi etranje genyen nan enfòmasyon sou itilizatè ki Ozetazini.

Twazyèmman, nou pran angajman pou TikTok rete lib, yon platfòm ki respekte libète ekspresyon, san posibilite pou okenn gouvènman ta gen mwayen manipile enfòmasyon ak video yo.

E katriyèmman, nou angaje nou pou fè transparans, kidonk pou nou pa fè anyen anba chal, e nou pwal kite yon “third-party”, kidonk yon gwoup endepandan enspekte platfòm nan pou asire ke nou respekte angajman nou pran yo.

XS
SM
MD
LG