Accessibility links

Breaking News

Burkina: 14 Moun Mouri nan Yon Atak Jihadis


Soldado senegalês participando em exercício militar Flintlock, em Thies (Fevereiro 2016, arquivo)
Soldado senegalês participando em exercício militar Flintlock, em Thies (Fevereiro 2016, arquivo)

Katòz moun pèdi lavi yo mèkredi nan yon atak jihadis, pami yo 4 sòlda.

Atak la fèt toupre Kaya, nan nò Burkina Faso, kote prezidan tranzisyon an, Kapitèn Ibrahim Traoré ap vizite otorite lokal, dapre sa kèk sous lokal ak fòs sekirite di jounalis AFP ki te sou plas Jedi.

Atak la te vize yon inite sòlda ak Volontè pou Defans Peyi a (VDP) nan Zorkoum, nan apeprè dis kilomèt distans ak Kaya, kote "kat sòlda ak 10 VDP," (VDP se sivil ki volontè pou ede lame a) pèdi lavi yo. Yon lòt sous sekirite ak yon sous lokal konfime atak la san bay yon bilan.

XS
SM
MD
LG