Accessibility links

Breaking News

Burkina Faso: MSF Sispann Aktivite li Apre Lanmò 2 Anplwaye


Infirmary - primary health center- Burkina faso
Infirmary - primary health center- Burkina faso

ONG Medsen San Fwontyè (MSF) anonse vandredi ke li sispann tout aktivite li nan Burkina Faso, apre 2 nan anplwaye li yo te mouri nan dat 8 fevriye pandan yon atak jihadis ke yo sispèk yo te fè nan nòdwès peyi a.

ONG a anonse nan yon deklarasyon ke "Apre atak kote 2 anplwaye MSF yo mouri nan dat 8 fevriye a nan rejyon Boucle du Mouhoun, nou sispann tout aktivite nou nan peyi a."

Li ajoute:

"Nan tout lokalite kote MSF te konn travay epi bay èd medikal ak imanitè, nou sèlman ap bay sèvis pou ijans vital pou yon peryòd endefini".

Mèkredi 8 fevriye a, MSF te anonse lanmò de nan anplwaye Burkinabe li yo ki te mouri pa "mesye ame" ki te "vize" yon "veyikil Doktè San Fwontyè ki te klèman idantifye ak logo ONG a".

Machin nan, ki t ap pote yon ekip medikal ki gen 4 moun, te sou wout la ant Dédougou ak Tougan, nan nòdwès peyi a.

8 fevriye, Prezidan MSF Isabelle Defourny te denonse "atak ekspre ak entansyonèl sila".

XS
SM
MD
LG