Accessibility links

Breaking News

Burkina Anonse Ofisyèlman Fen Operasyon Twoup Franse yo Sou Tèritwa li


Head of Burkina Faso's army Colonel Adam Nere receives a flag from French Lieutenant-Colonel Louis Lecacheur during a military handover ceremony at the base of Kamboincin, Burkina Faso, Feb. 18, 2023. (Burkina Faso's General Staff of the Armed Forces)
Head of Burkina Faso's army Colonel Adam Nere receives a flag from French Lieutenant-Colonel Louis Lecacheur during a military handover ceremony at the base of Kamboincin, Burkina Faso, Feb. 18, 2023. (Burkina Faso's General Staff of the Armed Forces)

Lame Burkinabè a te anonse dimanch fen operasyon Fòs Sabre franse a nan Burkina Faso, 3 semèn apre gouvènman tranzisyon an te denonse akò defans sa ki te gen ant 2 peyi yo.

Nan yon nòt otorite Burkinabe te fè sòti "Eta majò Jeneral Fòs Lame yo ak kòmandman Fòs Travay Sabre a te òganize samdi 18 fevriye 2023 nan kan Bila Zagré ki (nan katye Ouagadougou), yon seremoni solanèl kote yo te desann drapo yo sa ki make fen misyon ofisyèl operasyon yo nan Burkina Faso."

Dapre menm nòt sila, seremoni sa a te prezide pa chèf lame Burkinabe a, Kolonèl Adam Néré ak Lyetnan-Kolonèl franse Louis Lecacheur, ki te reprezante kòmandan an nan fòs Sabre a.

Dapre yon sous sekirite Burkinabè, "yon gwo pati nan sòlda yo deja pati".

Yo te mande yon pòtpawòl lame franse a sou dat aktyèl depa dènye sòlda yo, li te refize reponnn.

Yon sous gouvènman franse bò kote pa li te di ke gen sòlda franse ki toujou nan Burkina, men li pa presize konbye ki sou sòl la.

Nan yon lèt ki te pote dat 18 janvye, gouvènman Burkinabè a te denonse akò ki gen rapò ak estati fòs fransè yo nan peyi a, gouvènman trasizyon an te ba yo yon mwa pou yo kite peyi a.

XS
SM
MD
LG