Accessibility links

Breaking News

Palman Peyi Uganda a Pase yon Pwojè Lwa Kont Gason Makonmè ak Madivin, ki Gen Pèn Prizon Avi


Uganda Paliarment
Uganda Paliarment

Madi, palman peyi Uganda pase yon gwo pwojè-lwa kont gason makonmè, ki pwopoze nouvo penalite sevè pou sitwayen ki gen relasyon gason ak gason, fanm ak fanm.

Annet Anita Among ki se lidè palman an pale apre vòt final la pou di "Wi yo genyen li," e li ajoute ke "pwojè lwa a pase nan yon tan rekò".

Palmantè yo amande yon pati enpòtan nan premye pwojè lwa a, pratikman tout moun aprouve pwojè lwa a, eksepte yon sèl palmantè ki te pale kont li.

Omoseksyalite deja ilegal nan peyi konsèvatè a ki sou kontinan Afriken an.

Li pako fin klè ki nouvo penalite ki nan nouvo pwojè lwa a.

Depite Fox Odoi-Oywelowo, ki te pale kont pwojè lwa a e ki se manm Mouvman Rezistans Nasyonal la ki se pati Prezidan Yoweri Museveni, di ajans nouvèl AFP ke dapre vèsyon final lejislasyon an, delenkan yo ta fè fas ak prizon a vi oswa menm pèn lanmò pou ofans "ki pi grav yo ».

Pwojè lwa a prale jwenn Prezidan Museveni, ki gen chwa pou sèvi ak veto li oswa siyen pou fè li tounen lwa.

Lejislasyon an jwenn gwo sipò piblik la nan Ouganda e mesye dam nan sosyete sivil la rete bèbè paske gouvènman Museveni an vin pi otoritè depi plizyè ane ki pase yo.

Men lidè a ki gen 78 an te toujou moutre li pa konsidere pwoblèm gason makonmè ak madivin nan kòm yon priyorite e ke li ta pito kenbe bon relasyon ak donatè ak envestisè nan Lwès yo.

Deba ki te fèt sou pwojè lwa a nan palman an te makònen ak pawòl kont omoseksyalite.

XS
SM
MD
LG