Accessibility links

Breaking News

Jamayik Pral Ogmante Salè Minimòm nan pa 44%


Foto Achiv: Premye Minis Jamayik Andrew Holness pandan yon diskou devan Asanble Jeneral Nasyonzini nan Nouyok, 22 Sept. 2022.
Foto Achiv: Premye Minis Jamayik Andrew Holness pandan yon diskou devan Asanble Jeneral Nasyonzini nan Nouyok, 22 Sept. 2022.

Premye Minis Jamayiken Andrew Holness fè konnen gouvènman li an pral ogmante salè minimòm zile a de 44% nan moman ekonomi lokal la ap rebondi.

Chanjman an pral antre an aplikasyon nan mwad Jyen an.

Moun ki antre salè minimom $59 pou yon semèn travay 40 hè pral touche pito $85.

Holness anonse plan an Jedi swa, pandan li tap prezante bidjè li devan Palman an. Patizan gouvènman an te bat bravo ak kè kontan. Li ajoute se pi gwo ogmantasyon yo fè depi 20 an.

Anons la vini kèk jou sèlman apre gouvènman an te ogmante salè pwofesè yo apre yon manifestasyon ki te dire yon semèn e ki te lakoz lekòl pat fonksyone.

Enflasyon anyèl la te ogmante 11% pandan ane fiskal 2021 ak 2022 yo men gouvènman an predi yon bès 5% pou ane fiskal kap vini an, ki pral kòmanse mwa pwochen an.

XS
SM
MD
LG