Accessibility links

Breaking News

Lame Ikrèn nan Bezwen Minisyon


Russia Ukraine War Explainer
Russia Ukraine War Explainer

Lame Ikrèn nan ki bezwen minisyon, se yon pwen ki pwal wo nan pwogram reyinyon ki ap fèt mèkredi ant lidè yo nan sektè defans Etazini an, ak responsab defans nan preske 50 peyi pou yo diskite sou sa Ikrèn bezwen pou lite kont yon envazyon laRisi.

Se Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin ki ap dirije chita-koze a etan nan Pentagòn nan, sou entènèt, apre plizyè rankont ki te fèt deja ak Gwoup Kontak Defans Ikrèn nan ki te rasanble nan Baz Aeryen Ramstein ann Almay.

Otorite Etazini, Inyon Ewòp la ak l-OTAN, yo tout pwomèt pou yo ranfòse efò pou replen estòk zam Ikrèn ansanm ak pwòp estòk pa yo pandan batay nan Ikrèn nan ap kontinye apre plis pase yon lane depi LaRisi te lanse envazyon an.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy di sa ki pi enpòtan an se efò pou defann liy konba nan lès la, e ladann zòn Bakhmut ki nan gwo batay depi dè mwa.

XS
SM
MD
LG