Accessibility links

Breaking News

Ki sa Nou Konnen – oubyen pa Konnen – sou Dronn Ameriken ki fè Kolizyon ak yon Avyon Jet Ris


A U.S. Air Force MQ-9 Reaper
A U.S. Air Force MQ-9 Reaper

WASHINGTON (AP) — Avyon de gè jet Ris ki te fè kolizyon, dapre otorite ameriken yo, ak yon gwo dronn siveyans ke Etazini te voye sou Lanmè Nwa a Madi, sa pa fèt fasil men sete yon bagay serye, ki te deklanche yon pwotestasyon diplomatik ameriken epi ki soulve kè-sote sou posibilite pou Larisi kapab jwenn teknoloji sansib.

Otorite Ameriken ak Ris genyen rapò depaman sou kolizyon sa ki fèt ant Dronn MQ-9 Reaper ak avyon de gè jet Ris Su-27 la – yo len ap lonje dwèt sou lòt.

Men, yon pòtpawòl Pentagòn pale tou de posibilite pou Depatman Defans la ta wete nan kategori dokiman sekrè video ke li genyen sou ensidan an e petèt pibliye li.

XS
SM
MD
LG