Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa Ap Konsidere Sispann Relasyon li Ak Vatikan


FILE PHOTO: Cuba commemorates the 18th anniversary of the creation of ALBA-TCP
FILE PHOTO: Cuba commemorates the 18th anniversary of the creation of ALBA-TCP

Apre Pap Franswa te deklare ke peyi Nikaragwa gen "yon diktati gwosye”, Minis Afè Etranjè Nikaragwa a di Dimanch ke peyi li ap konsidere sispann relasyon li ak Vatikan. 

Ministè a di nan yon kominike, "Fas ak enfòmasyon ke sous ki konekte ak Legliz Katolik te pibliye, gouvènman Rekonsilyasyon ak Inite Nasyonal Nikaragwa a ap konsidere yon sispansyon nan relasyon diplomatik Nikaragwa ak Vatikan”.

Nan yon entèvyou ak jounal Ajantin Infobae vandredi a, Pap Franswa dekri rejim Prezidan Daniel Ortega a kòm yon diktati "diktati gwosye”.

Li ajoute "Se konmsi nou te vle tabli diktati kominis 1917 la oswa diktati ki te la sou Hitler nan ane 1935 la”.

Prezidan Nikaragwa a Daniel Ortega te deklare li menm nan fen mwa fevriye a ke se yon "mafya" nan Vatikan ki deside sou eleksyon Pap la ak tout lòt chèf relijye yo.

XS
SM
MD
LG