Accessibility links

Breaking News

Fanmi, Zanmi Ex-Prizonye Nikaragweyen ki Rive Ozetazini Kontan a Mò


Fanmi ak zanmi ex-prizonye Nikaragwa lage 9 Fevriye, 2023 kanpe pou tann yo nan ayeropo entenasyonal Dulles, tou pre Washington. (Foto: VOA Espayol)
Fanmi ak zanmi ex-prizonye Nikaragwa lage 9 Fevriye, 2023 kanpe pou tann yo nan ayeropo entenasyonal Dulles, tou pre Washington. (Foto: VOA Espayol)

Yon avyon ki te gen 222 ansyen prizonye politik ke gouvenman Nikaragweyen Daniel Ortega libere epi mete nan yon avyon pou al Ozetazini, rive nan ayeropò entenasyonal Dulles la andeyò Washington.

Militan Nikaragweyen Oswaldo Leon di VOA ke yo te sezi tande nouvel la, men yo te mobilize an tout ijans pou akeyi moun yo le yo te rive Ozetazini.

VOA Espayòl te sou plas, kote li pale ak kek pami moun ki tap tann ex-prizonye yo.

Yon misye di nou: "Mwen te gen anpil trak pandan mwen tap kondui pou vin isit la maten an. Map tann anpil zanmi ki abò vòl sa a. Nap travay depi plizye zane pou demokrasi ak libete nan Nikaragwa. Nou vreman kontan ke tout moun sa yo te ka jwen libete yo - paske nou travay di pou sa."

Yon avyon kap transpote plis pase 200 prizonye politik Nikaragweyen ateri nan ayewopo entenasyonal Dulles tou pre Washington, 9 Fevriye 2023.
Yon avyon kap transpote plis pase 200 prizonye politik Nikaragweyen ateri nan ayewopo entenasyonal Dulles tou pre Washington, 9 Fevriye 2023.

Nou kontre nan ayewopò a tou, Ariana Pinto ki tap tann manman li, Evelyn Pinto.

"Li se manmanm men tou li se yon militan dwa moun ki tap goumen pou libete ak demokrasi nan Nikaragwa. Li tap defann dwa fanm, timoun ak pep endijen yo tou nan peyi a."

Ariana di li patka kwe le yo te rele l pou di l manman li lage nan prizon e lap vin Ozetazini.

"Mwen te kwe nou tap reve le yo te rele m. Mwen mande eske se verite oubyen manti paske se pa premye fwa nou tande sa. Yo te di nou nap libere yo men sete yon fason pou toupizi fanmi yo tou. Donk nou te toujou gen espwa men nou pat kwe sete reyalite jiskaske nouvel la te gaye nan lapres. Epi gouvenman Nikaraweyen an tou te anonse liberasyon an."

Fanmi ak zanmi ex-prizonye Nikaragwa lage 9 Fevriye, 2023 kanpe pou tann yo nan ayeropo entenasyonal Dulles, tou pre Washington. (Foto: VOA Espayol)
Fanmi ak zanmi ex-prizonye Nikaragwa lage 9 Fevriye, 2023 kanpe pou tann yo nan ayeropo entenasyonal Dulles, tou pre Washington. (Foto: VOA Espayol)

Lamezonblanch bat bravo pou liberasyon an e fe konnen li te fasilite transpò endividi sa yo Ozetazini. Yon responsab wo plase Lamezonblanch di nou yo pral akòde Nikaragweyen sa yo pawòl imanite pandan 2 zan, e ke tout moun ki te abò avyon an te bay konsantman yo pou yo vwayaje Ozetazini.

Pandansetan nan Nikaragwa menm, jij kou dapel peyi a Ottavio Rothschuh dekri ex-prizonye yo tankou tret a la nasyon.

VOA Espayòl, korespondan VOA nan Lamezonblanch Jorge Agobian, ak AFP kontribye a repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG