Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa: Washington Salye Liberasyon Prizonye Politik yo


Police sit outside the facilities of La Prensa newspaper in Managua, Nicaragua Aug. 23, 2022.
Police sit outside the facilities of La Prensa newspaper in Managua, Nicaragua Aug. 23, 2022.

Gouvènman ameriken an bat bravo Jedi pou desizyon ke Nikaragwa pran pou l lage plis pase 220 prizonye politik, epi mete l "dakò" pou yo pati kite peyi a pou yo ale Etazini.

Desizyon sa a te pran "inilateralman" pa otorite Nikaragwa yo, e Lèzetazini li menm te "fasilite" transpò moun sa yo ki te jwenn liberasyon yo pou vin Ozetazini.

Pòtpawòl Depatman Deta te anonse nouvel la nan yon deklarasyon.

Plis pase 200 nan prizonye sa yo se opozan ki te ale nan prizon nan zak deblozay apre manifestasyon ki te fè an 2018 kont prezidan Daniel Ortega, ki prezidan Nikaragwa depi 2007.

XS
SM
MD
LG