Accessibility links

Breaking News

Etazini Rapòte yon Gwo Bès nan Kantite Migran Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezyelyen yo Arete Anba Nouvo Restriksyon yo


Foto Achiv: Migran Pwoche bo kote mi ki sou frontye Etazini ak Meksik la nan vil Ciudad Juarez, Meksik, 21 Desanm 2022.
Foto Achiv: Migran Pwoche bo kote mi ki sou frontye Etazini ak Meksik la nan vil Ciudad Juarez, Meksik, 21 Desanm 2022.

Etazini fe konnen kantite migran ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela ke yo bare ap eseye travese fwontye Etazini pataje ak Meksik la bese pa 97 pousan ant mwad Desanm ak Janvye a. Otorite yo di yo konstate gwo bes sa a apre Prezidan Joe Biden te anonse nouvo restriksyon ki lakoz yo voye yo tounen Meksik.

Otorite Ameriken yo konsate apepre 115 migran ki soti nan 4 pei sa yo pandan semen ki fini 24 Janvye a. Se yon gwo bes konparativman ak 3,367 moun yo te arete 11 Desanm, dapre Depatman Sekirite Nasyonal Etazini an.

Depatman an atribye bes la ak restriksyon yo epi nouvo mwayen legal yo louvri pou migran yo ka jwen moun pou sponsorize yo epi vwayaje Ozetazini nan avyon pito.

XS
SM
MD
LG