Accessibility links

Breaking News

Prezidan Meksiken an Di Etazini: Fentanyl se Pwoblèm ou


DHL inaugurates first cargo plane route and cargo facilities at the Felipe Angeles international airport in Zumpango
DHL inaugurates first cargo plane route and cargo facilities at the Felipe Angeles international airport in Zumpango

VIL MEXIKO (AP) — Prezidan Meksik la di peyi li pa pwodui oswa konsome fentanyl, malgre anpil prèv ki montre li fè sa.

Prezidan Andrés Manuel López Obrador sanble dekri epidemi opioid la kòm si se pwoblèm Etazini li ye Selman, e li di Etazini ta dwe fè plis pou konbat sityasyon kote moun lage kò yo nan esklavaj dwòg, e konbat destriksyon sosyete a.

Li fache e li rejte apèl Repibliken yo ki mande pou sèvi ak lame ameriken an kont katèl dwòg yo.

Li fè deklarasyon sa yo nan Meksik nan moman ke Liz Sherwood-Randall, ki se Konseye Mezon Blanch sou Sekirite Enteryè, tap vizite peyi a pou diskite sou kriz fentanyl la.

Gouvènman Meksiken an te rekonèt , sa gen kèk tan, ke yo te konn fè fentanyl nan laboratwa nan Meksik e ke pou fè li, yo te konn sèvi avèk pwodui chimik ki te soti nan peyi Lachin.

XS
SM
MD
LG