Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch Akeyi Loreya Pri Fanm Vanyan Entènasyonal yo


Nan moman Lamezonblanch tap patwone seremoni remiz pri Fanm Vanyan Entènasyonal la Mèkredi, pou onore medam ki montre kouraj devan anpil advèsite, gen yon gwoup ki te absan - fanm ak tifi Iranyèn ki te pran lari pou defann dwa yo.

Youn nan medam sa yo te oblije asiste klas lise li anbachal, epi defye lidè rejim kraze zo peyi li. Li te fè karyè li kom doktè kap travay ak refije.

Yon lòt te simonte defi lame peyi li prezante pou l tounen premye jeneral fanm peyi li.

Gen yon lot ki te kraze baryè antanke responsab transjan kap defann dwa tout sitwayen.

Dokte Ikrenyen Yulia Paivska, jounalis Polonez Bianka Zalewska (a goch) ak Senate Malezyen Datuk Ras Adiba Radzi kenbe men pandan seremoni remiz pri Fanm Vanyan Entenasyonal la nan Lamezonblanch, 8 Mas, 2023.
Dokte Ikrenyen Yulia Paivska, jounalis Polonez Bianka Zalewska (a goch) ak Senate Malezyen Datuk Ras Adiba Radzi kenbe men pandan seremoni remiz pri Fanm Vanyan Entenasyonal la nan Lamezonblanch, 8 Mas, 2023.

Lòt yo - jounalis, militan, pwofesè, avoka - jwenn revokasyon, resevwa menas, arestasyon epi toupiti pandan yo tap chache jistis ak egalite. Premye dam Jill Biden te mennen yo nan Lamezonblanch Mèkredi pou onore kouraj yo ak enpak yo.

Men moun te ka remake tifi ak fanm Iran yo pat prezan, malgre yo resevwa yon pri.

Medam yo te dirije manifestasyon nan 31 pwovens, apre Mahsa Amini, 22 zan te mouri apre lapolis te arete l an Septanm. Krim li? Li pat kouvri tet li ak vwal. Madan Biden di vwa yo enpotan.

"Tifi toupatou dwe konnen gen fanm kap goumen pou yo e yo viktoryez. Yo louvri pòt, transfome lekòl ak kominote, gouvènman epi bati yon pi bon mond pou nou tout. Epi nou di frè yo ak papa yo, mari yo ak zanmi yo, otan nou bezwen pou fanm yo leve vwa yo, nou bezwen plis gason ki vle koute epi aji. "

Sekretè de près Lamezonblanch la, Karine Jean-Pierre di pri sa a gen anpil enpotans.

"Nou fè l byen isit nan Mezonblanch la, nou kwè li trèz enpotan pou medam toupatou nan mond lan tande istwa yo. Men tou fanm ak tifi isit Ozetazini. Tifi toupatou bezwen konnen gen fanm kap goumen pou yo."

Lidè ekstremis Iranyen yo pral pwobableman blame lot moun pou manifestasyon medam yo dirije, dapre analis yo.

Marti Flaks se yon Ekspè sou Dwa Moun.

"Yap chache tout opotinite pou blame Etazini oubyen Loksidan pou defi yo genyen pou dirije peyi a. Mwen kwè li klè poutout moun ke sityasyon an nan Iran komanse lakay yo. Donk mwen pa kwe jefo rejim lan ap fè pou blame Etazini ap reyusi. "

Premye Dam Jill Biden ak militan dwa moun Jodanyen Hadeel Abdel Aziz, epi Sekrete Deta Antony Blinken pandan seremoni remiz pri Fanm Vanyan Entenasyonal la nan Lamezonblanch, 8 Mas, 2023.
Premye Dam Jill Biden ak militan dwa moun Jodanyen Hadeel Abdel Aziz, epi Sekrete Deta Antony Blinken pandan seremoni remiz pri Fanm Vanyan Entenasyonal la nan Lamezonblanch, 8 Mas, 2023.

Li ajoute ke pri sa a ede administrasyon Biden nan kenbe Iran nan menm standar ak rès mond lan.

" Nan 3 semèn Somè pou Demokrasi a ap dewoule, kote administrayon an ap mande peyi nan mond lan reafime sipo yo pou gouvènans demokratik ak apui pou sosyete sivil kap goumen pou demokrasi nan konteks otoritè. "

Premye dam nan souliyen pandan evenman espesyal nan lonè Jounen Entènasyonal Medam yo ke: Paka gen libète, ni demokrasi, ni jistis san tifi ak fanm yo.

XS
SM
MD
LG