Accessibility links

Breaking News

Jounen Entènasyonal Fanm: Mobilizasyon Toupatou Nan Mond lan Pou Fè Respekte Dwa Medam yo


APTOPIX Afghanistan International Women's Day
APTOPIX Afghanistan International Women's Day

Gen anpil rezon ki fè tout mobilizasyon sa yo nan okazyon jounen entènasyonal dwa fanm yo tankou:

Taliban ki repran pouvwa nan Afganistan, kote medam yo gen entèdiksyon pou yo pa patisipe nan plizyè seri aktivite.

Represyon sou manifestan nan peyi Iran apre lanmò Mahsa Amini,

Nan Pakistan, yon peyi ki konsèvatè anpil, dè milye moun pran lari malgre efò otorite yo pou anpeche mach yo.

Omwen 20 moun te manifeste nan Kaboul, kapital Afganistan ki se "peyi nan mond lan ki gen plis represyon kont dwa fanm yo", dapre Rosa Otunbayeva, ki se chèf Misyon Asistans Nasyonzini nan Kaboul.

Nan yon somè Forbes nan Abu Dhabi, ansyen Sekretè Deta Ameriken Hillary Clinton di Mèkredi ke "fanm ak timoun yo se prensipal viktim nan konfli ak nan chanjman klima".

XS
SM
MD
LG