Accessibility links

Breaking News

Etazini Pran Angajman pou 'Pwoteje ak Avanse' Dwa Medam yo


Foto Achiv: Linda Thomas-Greenfield, Reprezantan Etazini nan Nasyonzini.
Foto Achiv: Linda Thomas-Greenfield, Reprezantan Etazini nan Nasyonzini.

Etazini di li pran angajman pou l "pwoteje ak avanse dwa medam yo" malgre desizyon Kou Siprèm nan pran pou minnen dwa medam Amerikèn yo genyen pou fè avotman.

Linda Thomas-Greenfield, Anbasadè Etazini nan Nasyonzini, fè komantè sa a devan jounalis yo nan LONU anvan yon parèt devan Komisyon Nasyonzuni sou Stati Medam yo nan Nouyok.

"Mwen pa pè di ke noumenm Etazini ap fè fas ak pwop defi pa nou. Dwa pou fè chwa ki trè trè pèsonèl san okenn politisyen pa vinn foure bouch yo nan koze a se yon dwa plizyè milyon fanm Ozetazini pèdi."

Thomas-Greenfield pale de zak vyolans medam yo sibi tou.

"Depi pandemi a komanse, zak vyolans kont fanm yo ogmante. Pandansetan, gen twop fanm ak tifi kap mouri, pami yo genyen ki pèdi lavi yo nan lari. Gen lot yo anpeche al lekol, anpeche yo patisipe nan vi piblik. Pandan 12 mwa ki pase yo fi ak tifi sibi atak san gade dèyè. Fok nou fè yon jan pou pwoteste kont bagay sa yo piblikman. Se yon bagay ki pi enpotan toujou lè nap pale de egalite sèks yo nan epok nimerik la, ki se tèm nou adopte nan sesyon ane sa a."

Dwa Meda: Etazini Admet li Gen Pwòp Pa li
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:36 0:00

Anbasadris la bay detay sou kisa Etazini ap fè pou leve defi sa a.

"Lèzetazini tabli yon komisyon kap travay sou arsèlman ak abi kont fanm. Komisyon sa a ap tabli pwogram, ekri rapo, dispoze liy telefon pou pote moun sekou, fè sondaj, tabli sant rechèch pou kontre zak vyolans kap fèt sou entènèt la. Mwa pase a, Konsèy Nasyonal Politik pou Fanm yo pibliye premye rapo piblik li ke li remèt bay Prezidan Biden sou Estrateji Nasyonal Etazini ta dwe adopte pou gen Egalite ant Sèks yo. Epi ane sa a nou pral pibliye premye plan nasyonal pou mete fen nan zak vyolans kont fanm."

Thomas Greenfield pale yon jou apre Sekretè Jeneral LONU te di dwa medam yo menase toupatou nan mond lan e ke sa pral pran 300 zan pou remete jefo pou atenn egalite ant sèks yo sou bon chimen an.

XS
SM
MD
LG