Accessibility links

Breaking News

Lidè Minorite nan Sena Ameriken an, Mitch McConnell, Entène Lopital Apre Li Te Tonbe


U.S. Republicans hold weekly press conference at the U.S. Capitol building in Washington
U.S. Republicans hold weekly press conference at the U.S. Capitol building in Washington

WASHINGTON (AP) — Yon pòtpawòl lidè Repibliken nan Sena a fè konnen Mitch McConnell entène lopital apre li te bite epi tonbe mèkredi nan yon otèl.

Doug Andres ki se pòtpawòl senatè Repibliken Kentucky a, ki gen 81 an, di ke McConnell te nan yon dine prive nan yon otèl nan Washington lè li te tonbe a.

Andres di yo te kouri ak McConnell lopital pou tretman.

An 2019, lidè GOP la te tonbe lakay li nan Kentucky, kote li te kase zo nan zepòl li .

Sena a, kote laj Senatè yo an mwayèn se 65 an, gen anpil manm ki pa prezan akòz pwoblèm sante.

XS
SM
MD
LG