Accessibility links

Breaking News

Etazini: Gouvènman an Lanse yon Pwosè Kont JetBlue pou Anpeche l Achte Spirit Airlines


JetBlue Spirit
JetBlue Spirit

Administrasyon Biden nan rele JetBlue Airways lajistis pou anpeche l achte Spirit Airlines. Dapre gouvènman an si acha sa fèt, lap diminye konpetisyon sou mache a e lakoz pri tikè yo moute.

Depatman Jistis te di Madi nan yon deklarasyon ke acha sa pral bay pwoblèm sitou pou vwayajè ak sa ki depann de tikè bon mache ke Spirit genyen. E Depatman an di ke ak Spirit vwayajè yo gen chwa achte tikè ki pi bon mache pase sa ke yo ka jwenn nan JetBlue ak plizyè lòt konpayi avyon.

Minis Jistis Merrick Garland te bay yon konferans pou laprès pou l anonse pwosè a. Li di sa se yon siy ke administrasyon an kanpe pou anpeche jan de deal sa yo fèt nan endistri airlines lan.

XS
SM
MD
LG