Accessibility links

Breaking News

Nijerya: Pwoteste Kont Rezilta Ofisyèl Dènye Eleksyon Prezidansyèl la


Supporters of the Peoples Democratic Party (PDP) protest at the national headquarters of the Independent National Electoral Commission (INEC) to disapprove the outcome of the February 25 election result in Abuja
Supporters of the Peoples Democratic Party (PDP) protest at the national headquarters of the Independent National Electoral Commission (INEC) to disapprove the outcome of the February 25 election result in Abuja

Dè santèn sipòtè Pati Demokrat Popilè a (PDP) ki nan opozisyon nan Nijerya chante ayè lendi a pandan yo t ap mache sou katye jeneral nasyonal Komisyon Nasyonal Elektoral Endepandan an (INEC), pou pwoteste kont rezilta ofisyèl dènye eleksyon prezidansyèl la.

Manifestasyon an, ki te gen nan tèt li kandida Atiku Abubakar ak lòt dirijan pati, sete pou pwoteste kont INEC ki deklare kandida pati sou pouvwa a Bola Ahmed Tinubu kòm venkè nan eleksyon prezidansyèl 25 Fevriye a.

Manifestan yo, ki te abiye an nwa pou pifò, te chante ke Abubakar genyen eleksyon an e yo di ke INEC se yon fwòd ki pa respekte volonté pèp la.

« Nou gen prèv ke nou genyen eleksyon sa a dapre pwòp kontaj pa nou men nan moman kounyea, Mahmood Yakubu pa konsidere kalkil sa a, » se pawòl Kola Ologbondiyan, ki se pòtpawòl komite kanpay prezidansyèl pati PDP. Yakubu se alatèt INEC ki nan pòs sa a depi 2015.

XS
SM
MD
LG