Accessibility links

Breaking News

Reaksyon Anbasadè Etazini nan Nijerya-a Sou Rezilta Eleksyon yo


The Independent National Electoral Commission declares Bola Tinubu winner of Nigeria's 2023 presidential elections in Abuja
The Independent National Electoral Commission declares Bola Tinubu winner of Nigeria's 2023 presidential elections in Abuja

Anbasadè Etazini nan Nijerya-a fè yon deklarasyon dimanch kote li rekonèt ke apre eleksyon ki sot dewoule nan nasyon afriken an, “Gen anpil moun nan Nijerya ki fache e ki fristre pandan gen anpil lòt k-ap selebre viktwa-yo.

Mary Beth Leonard di li ekzòte otorite-yo pou yo pèmèt, “pwosesis ki tabli legalman pou abode pwoblèm ke opozisyon-an gen ak eleksyon-an, pèmèt sa mache kòmsadwa.”

Komisyon Elektoral Nasyonal Endepandan an (INEC) deklare Bola Ahmed Tinubu pwochen prezidan Nijerya.

Alatèt INEC a Mahmood Yakubu di Tinubu, kandida pati Kongrè Tout Pwogresis yo ki sou pouvwa-a, resevwa preske 8 milyon 800-mil vwa pou-l genyen kous ki pi chofe depi Nijerya te tounen demokrasi-a.

Lidè oppozisyon-yo te kalifye vòt-la kòm yon fo eleksyon e te pwomèt pou defye rezilta-a nan tribinal.

XS
SM
MD
LG