Accessibility links

Breaking News

Sè Kim Jong Un Avèti Ke Kore di Nò pare Pou Aji Kont Etazini Ak Kore Di Sid


NKOREA-POLITICS-HEALTH-VIRUS
NKOREA-POLITICS-HEALTH-VIRUS

SEOUL, Kore di Sid (AP) - Sè lidè Kore di Nò Kim Jong Un avèti ke peyi li pare pou pran "aksyon rapid" kont Etazini ak Kore di Sid.

Kim Yo Jong fè deklarasyon sa madi, yon jou apre Etazini te voye yon B-52 ki gen kapasite nikleyè sou Penensil la pou yon egzèsis ak Kore di Sid.

Militè Ameriken ak Sid Koren ap prepare pou yo rekoumanse egzèsis yo nan fen mwa a.

Kim Yo Jong pa bay detay sou okenn plan, men anpil fwa Kore di Nò te fè tès misil kòm repons pou egzèsis militè Etazini ak Kore di Sid ap fè paske Nò a konsidere egzèsis sa yo kòm repetisyon pou yon envazyon.

XS
SM
MD
LG