Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Tire 4 Misil Estratejik

This Feb. 23, 2023, photo released by North Korea's official Korean Central News Agency (KCNA) on Feb. 24 shows strategic cruise missile Hwasal-2 launching in North Hamgyong Province. (AFP/KCNA via KNS)

Kore di Nò di li tire 4 misil estratejik rapid jedi, pandan li kritike Etazini ak alye li yo kòmkwa se yo k ap eskalade tansyon militè.

4 misil rapid Hwasal-2 li yo te vole sou distans 2-mil kilomèt nan apeprè 2 èd-tan 50 minit anvan yo touche yon pwen ke yo te vize nan lanmè bò kot ès Kore di Nò, dapre Ajans Nouvèl Santral Kore ki gen ti non ann agle KCNA.

KCNA ajoute, “Tès la demontre klè yon lòt fwa ankò ke kore di Nò mete l an pozisyon pou ogmante fòs konba nikleyè li tout jan pou reponn atak fòs lènmi.”

Malgre Kore di Sid ak Japon konn lanse alèt lè Kore di Nò lanse misil, yo pa te fè sa jedi, sa ki soulve kesyon pou konnen eske yo te detekte ekzèsis misil rapid la.

Apre sa, menm jounen vandredi a, lame Kore di Sid konteste pawòl Kore di Nò sou misil rapid yo, san li pa di ki pati ladan ke li pa kwè.

XS
SM
MD
LG