Accessibility links

Breaking News

Lagrès:Lajitis Lage sou do Kontwolè Estasyon Tren ki Responsab Aksidan Ki touye 57 moun nan, Akizasyon Omisid Ak Neglijans


A photo shows flowers layed on the tracks at the railway station of Rapsani, north Greece, on March 5, 2023, during a commemorative gathering for the victims of a deadly train crash which killed 57.
A photo shows flowers layed on the tracks at the railway station of Rapsani, north Greece, on March 5, 2023, during a commemorative gathering for the victims of a deadly train crash which killed 57.

ATÈN, Lagrès (AP) - Lajistis akize Kontwolè ki te de sèvis nan estasyon tren sa ki lakoz anpil moun pèdi lavi yo a de omisid ak neglijans, e yo voye li nan prizon pandan li ap tann jijman li.

Jij ki tap travay sou dosye a ansanm ak yon komisè gouvènman apwouve dimanch akizasyon kote li lakoz ka lanmò ak blese e mete an danje sistèm sekirite transpò a.

Omwen 57 moun mouri lè yon tren pasaje nan direksyon nò te al fè kolizyon ak yon tren machandiz nan direksyon sid Madi swa nan sant Lagrès.

Kontwolè estasyon an ki gen 59 an te swadizan fè 2 tren yo woule sou menm ray la.

Epitou Dimanch, Premye Minis Kyriakos Mitsotakis te prezante ekskiz pou nenpòt responsablite ki ta tonbe sou gouvènman Lagrès la pou trajedi a.

XS
SM
MD
LG