Accessibility links

Breaking News

Grès: Kontwolè Ki Te De Sèvis nan Estasyon Kote Kolizyon Tren Yo Admèt Li Koupab Pou Neglijans.


Cranes remove debris after a trains' collision in Tempe, about 376 kilometres (235 miles) north of Athens, near Larissa city, Greece, March 2, 2023.
Cranes remove debris after a trains' collision in Tempe, about 376 kilometres (235 miles) north of Athens, near Larissa city, Greece, March 2, 2023.

Yon pòtpawòl gouvènman peyi Grès la di kontwolè ki te de sèvis nan estasyon toupre kote kolizyon tren an te fèt la kote 43 moun pou pi piti te pèdi lavi yo, li admèt ke li koupab pou neglijans.

Kontwolè pou estasyon Larissa a, ki pa idandifye li piblikman, parèt devan komisè gouvènman yo jedi pandan anketè yo ap ekzaminen poukisa yon tren pasaje ak yon tren machandiz ki t ap woule nan direksyon kontrè te jwenn otorizasyon kouri sou menm ray la.

Yon dirijan lapolis di mèkredi kontwolè estasyon an reponn akizasyon pou lanmò yon pakèt moun ak anpil blese grav akoz neglijans, dapre ajans nouvèl Reuters.

Kolizyon an fèt madi swa toupre vil Tempe, nan anviwon 380 kilomèt o nò kapital Grès la Atèn, kote plis pase 80 moun blese anplis de 43 ki pèdi lavi yo.

Sendika chemennfè yo lanse yon grèv jedi pou pwoteste kont kondisyon travay yo ak yon mank aksyon gouvènman an pou abòde pwoblèm ki ekziste nan regleman sekirite yo pou sistèm tren an.

XS
SM
MD
LG