Accessibility links

Breaking News

Yon Rapò Nasyonzini Di Zam Modèn Ki Soti Etazini Rive ann Ayiti nan Kontrebann


United Nations Haiti Report
United Nations Haiti Report

NASYON ZINI (AP) — Yon rapò Nasyon Zini fè konnen gen trafik zam sofistike ki rive Ayiti e ki soti Etazini, sitou nan eta Florid, dapre ajans France Presse.

Biwo Dwòg ak Krim Nasyon Zini ki baze nan vil Vyèn, kapital peyi Otrich, te pibliye rapò sa Vandredi, ki di gen yon rezo aktè kriminèl ki gen manm dyaspora ayisyen ladann, ki "achte zam anpil kote nan Etazini," epi voye yo ilegalman ann Ayiti an pasan pa fwontyè Repiblik Dominikèn pou rive ann Ayiti.

Rapò a di gen nan zam sa yo tou ki ateri ann Ayiti anba chal, men ke majorite trafik sa a fèt nan lanmè.

Rapò a kontinye poul di: "Zam ki popilè Ozetazini ki vann nan $400-$500 lakay distribitè ki gen lisans federal pou vann zam oswa nan sa ki rele "gun shows", kote distribitè reyini pou van zam legalman, zam sa yo revann ann Ayiti pou jiska $10,000 ameriken."

XS
SM
MD
LG