Accessibility links

Breaking News

Komite Etik Lachanm Nan Pral Envestige Depite George Santos


Congress Santos
Congress Santos

WASHINGTON (AP) — Komite Etik nan chanm depite an lanse yon ankèt pou envestige depite Repibliken George Santos.

Komite a te anonse Jedi ke yo ap lanse envestigasyon kont manm Kongrè New York la pou yo gade si li te bay manti nan rezime li ak lavi pèsonèl li.

Lidè toulede pati yo nan komite a te di ke tout moun nan panèl la te vote pou gade akizasyon sa yo ki lanse kont Santos yo.

Yo pral chèche detèmine si Santos "te angaje nan aktivite ilegal ki gen rapò ak kanpay li".

XS
SM
MD
LG