Accessibility links

Breaking News

LONU Nomen yon Diplomat Ekwatoryen Kòm Anvwaye li an Ayiti


Foto Achiv: Minis Afe Etranje Ekwate, Maria Isabel Salvador pandan yon seremoni nan Lima, Pewou, 17 Jyen 2008.
Foto Achiv: Minis Afe Etranje Ekwate, Maria Isabel Salvador pandan yon seremoni nan Lima, Pewou, 17 Jyen 2008.

Nasyonzuni nomen diplomat peyi Ekwatè, Maria Isabel Salvador kom nouvo Reprezantan Espesyal li an Ayiti ak Direktris Biwo Entegre an Ayiti a, BINUH.

Salvador, se yon ansyen minis afè etranje ak anbasadè nan Oganizasyon Eta Ameriken yo - L'OEA. Li pral ranplase Helen La Lime, dapre deklarasyon LONU an.

LONU ajoute li trè rekonesan devan La Lime ke yo te nomen nan pòs la an 2019. Li site "dedikasyon li ak angajman san gade dèyè li te genyen vizavi travay Nasyonzini an Ayiti."

Nominasyon an vini nan moman peyi yo ap diskite sou yon "fòs entèvansyon rapid" ke premye minis Ayisyen an te mande pou peyi a sa gen 6 mwa desa. Fòs la ta gen kòm bi pou ede polis nasyonal la kontwole gang ame yo kap pran kontwòl plis teritwa chak jou.

La Lime te di nan komansman ane a ke li toujou "gen espwa" dèske yap kapab kreye yon fòs konsa e li souliyen bezwen ki egziste a ijan.

XS
SM
MD
LG