Accessibility links

Breaking News

Ayiti Toujou Ap Mande Èd yon Fòs Etranjè


Rodrigue, Ariel,Lalime, Charles
Rodrigue, Ariel,Lalime, Charles

Deba kontinye ap fèt nan mitan kominote entènasyonal la sou yon fòs multi nasyonal ki ta dwe ale ann Ayiti pandan ke ofisyel ayisyen yo kontinye ap rele “o sekou” devan fenomen ensekirite a.

Otorite ayisyen yo pa sispann reklame yon fòs entevansyon ann Ayiti pou ede Polis Nasyonal la konbat gang-yo tankou sa te fet nan Nasyon Zini ak Anbasade Antonio Rodrigue, an pasan pa Premye Minis Ariel Henry nan 7e some CELAC la nan Buenozèr ann Ajantin---yon demand ki jwenn soutyen Helen La Lime, reprezantan ann Ayiti sekrete jeneral l’ONU e chef BINUH( Biwo Entegre Nasyon Zini ann Ayti). Dènye -a se nan syej Oganizasyon Eta Ameriken yo(OEA) nan Washington DC kote reprezantan pemaman Ayiti nan oganizasyon emisferik la, Anbasadè Leon Charles repwodwi demand fòs entevansyon an avek yon »eta des lieux ».

E Anbasadè Charles , ansyen direkte Polis Nasyonal-la , evoke yon paket lot ensidan pami yo atak resizidans premye minis la ak ensidan aewopo entenasyonal Toussaint Louverture ak mesavantur Premye Minis Ariel Henri-a le li tap soti nan CELAC avan li refe demand la .

Leon Chareles Kontinye Ap Mande Èd yon Fòs Etranjè
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:31 0:00
Nan dyaspora ayisyen nan Ozetazini sitou, pozisyon yo depaman e yo gen anpil nuans…Marleine Bastien Komisyone Awondisman Miami Dade , distri 2…pa vle entevansyon…
Marleine Bastien di Non Ak Yon Ètèvansyon an Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:26 0:00
Pou Ansyen majistra vil Brokckton, eta Masshachussets Ozetazini, Jean Bradley Derenoncourt, Ayiti bezwen yon entevansyon « kalkile ».
Reaksyon Jean Bradley Derenoncourt Sou Yon Evantyèl Entèvensyo Militè an Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:33 0:00

Akote Etazini ak Kanada ki pa vle pran tet yon misyon milite ann Ayiti, gen plizye lot peyi ki reyaji favorableman ak yon fos ann Ayiti.

Salvador vle mete savwa li aladispozisyon Ayiti ; Bahamas te déjà exprime disponibilite e Peyi Jamayik di , nan vwa premye minis -li Andrew Holness, li pare pou l patisipe ak milite e polisye nan fòs entènasyonal ann Ayiti . Sepandan ansyen depite eta Michigan Andy Levin di se pa yon bon lide.

Entèvansyon Militè an Ayiti: Andy Levin Di Se pa Yon Bon Ide
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:29 0:00

Kesyon twoup militè a ann Ayiti kontinye ap divize sosyete ayisyen nan pandan ke ensekirite ap kontinye e gang yo ap laji teritwa yo.

XS
SM
MD
LG