Accessibility links

Breaking News

Etazini Mande Meksik pou Ekstrade Pitit Gason 'El Chapo' a


FILE - This Oct. 17, 2019 frame grab from video provided by the Mexican government shows Ovidio Guzman Lopez at the moment of his detention, in Culiacan, Mexico.
FILE - This Oct. 17, 2019 frame grab from video provided by the Mexican government shows Ovidio Guzman Lopez at the moment of his detention, in Culiacan, Mexico.

Lèzetazini mande Meksik ofisyèlman pou ekstrade pitit gason trafikan dwòg Joaquin "El Chapo" Guzman.

Ovidio Guzman te jwenn arestasyon li nan kòmansman ane a dapre sa yon sous nan gouvènman Meksiken an di Lendi.

Anbasad Lèzetazini te prezante devan Ministè Afè Etranjè ak Biwo Pwokirè Jeneral la nan Meksik yon dosye ki detaye yon lis akizasyon kont Ovidio Guzman kòm lidè Katèl Sinaloa a.

Yo te arete li 5 janvye nan Culiacan nan yon operasyon ki te lakòz lanmò 10 militè ak 19 endivi ke otorite yo sispèk kòm bandi.

Otorite yo ak ekspè yo kwè ke mesye Ovidio te pran tèt Katèl Sinaloaa ansanm ak 3 frè l 'yo apre arestasyon papa yo.

Yon jij Meksiken te bay jiska 5 mas pou Etazini soumèt yon demann ekstradisyon.

Gouvènman Ameriken an ap chèche ekstradisyon Ovidio Guzman ak yon frè l pou swadizan responsablite yo genyen nan ekspòtasyon kokayin, metanfetamin ak Cannabis Ozetazini.

Lajistis nan peyi Meksik akize Guzman Jr. pou posesyon zam afe.

Lajistis louvri envestigasyon sou li poutèt li te fè pati krim òganize.

XS
SM
MD
LG