Accessibility links

Breaking News

Meksik Mete Anba Kòd yon Pitit Gason 'El Chapo'


Mexico Violence
Mexico Violence

Lame Meksiken an te arete yon pitit gason bawon dwòg Joaquin "El Chapo" Guzman, ki nan prizon, Ozetazini.

Yo rive mare Ovidio Guzman Lopez pandan yon operasyon militè meksiken te lanse nan douvanjou jedi andeyò Culiacan, yon katèl dwòg nan Sinaloa ki sitiye nan lwès peyi a.

Swadizan plizyè manm katèl te montre ke yo pa kontan ak arestasyon Ovidio "El Raton" Guzman. Yo te kontplètman paralize vil la, yo te vòlè bagay rezidan yo epi yo mete dife nan machin moun.

Arestasyon sa fèt kek jou anvan prezidan ameriken Joe Biden gen pou al vizite Meksik.

An 2019 vyolans menm jan an te pouse Prezidan Meksiken Andres Manuel Lopez Obrador pou l libere Ovidio Guzman apre yo te arete l.

XS
SM
MD
LG