Yon lòt kote, Amirali Hajizadeh, ki se chef fòs avyasyon militè aeryen nan Gad Revolisyonè a, pale tou de pawòl ke Iran repete plizyè fwa kòmkwa li vle tire revanj pou lanmò yon kòmandan wo-plase iranyen, e li di, “N-ap chache touye Trump,” an palan de ansyen prezidan Etazini an.
Hajizadeh di Iran pa te gen entansyon touye « pò malere sòlda » lè li te lanse yon atak ak misil balistik sou fòs ki gen Etazini nan tèt yo nan Irak kèk jou apre kòmandan millitè iranyen Qassem Soleimani te pèdi lavi li nan yon atak ak drone Etazini an 2020 nan Bagdad, kapital peyi Irak.
“Si Bondye vle, n ap chache touye Trump. Pompeo, « an palan de ansyen Sekretè Deta Etazini Mike Pompeo), ak kòmandan militè yo ki te bay lòd pou touye Soleimani, ta dwe mouri, se sa Hajizadeh deklare nan yon entèvyou nan televizyon.