Accessibility links

Breaking News

Entèlijans Ameriken yo Montre Ke Xi Te Mande Militè li Pou Prepare Pou Anvayi Taiwan "an 2027"


UCRANIA-GUERRA CHINA
UCRANIA-GUERRA CHINA

WASHINGTON (AP) — Direktè CIA-a di sèvis ransèyman ameriken yo montre ke Prezidan Lachin Xi Jinping pase lame peyi-li lòd pou fè preparasyon "pou anvayi Taiwan an 2027".

Direktè CIA a, William Burns, di tou, Xi ka gen dout sou kapasite l pou l lanse operasyon sila kont Taiwan, akoz eksperyans Larisi ap fè kounyea nan lagè li ak Ikrèn.

Burns te di nan emisyon "Face the Nation", Fas ak Nasyon-an, sou CBS, ke Etazini dwe pran "trè oserye" dezi Xi pou finalman kontwole Taiwan.

Burns di sipò Etazini ak alye-li-yo ann Ewòp kwè ke posiblite pou LaChin anvayi Taiwan-nan ap grandi pi plis chak jou.

XS
SM
MD
LG