Accessibility links

Breaking News

Fenland Anonse Yon Èd $169 Milyon pou Ikrèn


A Leopard battle tank takes part in a training exercise at the Niinisalo garrison in Kankaanpaa, Finland, May 4, 2022.
A Leopard battle tank takes part in a training exercise at the Niinisalo garrison in Kankaanpaa, Finland, May 4, 2022.

Ministè defans Finland nan di nan yon deklarasyon ke tank yo ekipe pou wete min anba tè, e ke èd la prevwa antrènman pou opere tank yo e fè antretyen nan yo.

Anons sa a fèt yon jou apre Espay fin di l ap voye 6 Leopard 2A4.

Tank sa yo ke Almay fabrike antre nan kad yon pakèt tank ki pwale nan Ikrèn, apre dirijan Ikrèn yo te mande yo pou yo kanpe pi byen devan fòs ris yo.

O koumansman, Almay te reziste, kote li pa te vle otorize transfè tank yo paske li pa te vle eskalade konfli a, men li di alye li ki gen tank yo ke yo lib pou voye yo bay Ikrèn.

XS
SM
MD
LG