Accessibility links

Breaking News

Florid: Yon Jounalis ak Yon Ti fi Pèdi Lavi yo Nan Yon Fiziyad


Orange County Sheriff John Mina addresses the media during a press conference about multiple shootings, Feb. 22, 2023, in Orlando, Fla.
Orange County Sheriff John Mina addresses the media during a press conference about multiple shootings, Feb. 22, 2023, in Orlando, Fla.

Otorite yo fè konnen yon jounalis televizyon nan rejyon santral Florid ak yon tifi te pèdi lavi yo toupre sèn yon premye fiziyad ki te pase nan lamatine.

John Mina ki se Cherif Orange count nan yon konferans pou laprès li te bay Mèkredi li fè konnen ke yo te arete yon jèn 19 an ke yo sispèk ki responsab pou tou 2 fiziyad ki te fèt nan katye sa nan zòn Orlando.

Anplis de jounalis Spectrum News 13 la ak timoun sa ki gen 9-zan ki mouri, yon manm ekipaj televizyon ak manman ti fi soti blese nan dezyèm fiziyad la.

Mina te di ke yo pa imedyatman kisa ki motive fiziyad yo.

XS
SM
MD
LG