Accessibility links

Breaking News

Etazini: 3 Moun Mouri nan Fiziyad nan Inivesite Eta Michigan


Michigan State Shooting

EAST LANSING, Michigan (AP) — Yon gason te louvri kout zam nan inivèsite Michigan State University e li touye 3 moun e blese 5 lòt sitwayen.

Apre fiziyad la te deklannche otorite te pase plizyè èdtan ap chèche sispè a pandan etidyan ki te pè anpil te kache kò yo nan klas yo ak nan machin yo.

Lapolis te di byen bonè Madi ke tirè a evantyèlman tire tèt li.

Ofisyèl yo pa konnen poukisa sitwayen sa ki gen 43 lane-te chwazi kanpis inivèsite sa a. Yo pa bay non li. Li pa di ni tou yon etidyan oswa yon anplwaye e li pa t gen okenn afilyasyon ak inivèsite a.

Fiziyad la te kòmanse lendi swa nan yon bilding akademik epi li kontinye nan bilding sendika elèv ki tou pre a.

Nan moman ke plizyè santèn ofisye ki te sou plas t ap fouye kanpis East Lansing la, elèv yo te abrite kò kote yo te kapab.

4 èdtan apre apre yon katouch te pati, lapolis te anonse lanmò nonm lan.

XS
SM
MD
LG