Accessibility links

Breaking News

Putin Taka Rankontre Responsab Wo Plase Pati Chinwa a nan Moskou


Foto Achiv: Nan foto sa a ke Sevis La Pres Ministe Afe Etranje Ris la pataja ak lapres, Minis Afe Etranje Sergey Lavrov (a goch) poze pou yon foto ak Minis Afe Etranje Chinwa a, Wang Yi.
Foto Achiv: Nan foto sa a ke Sevis La Pres Ministe Afe Etranje Ris la pataja ak lapres, Minis Afe Etranje Sergey Lavrov (a goch) poze pou yon foto ak Minis Afe Etranje Chinwa a, Wang Yi.

Kremlen an fè konnen Prezidan Ris Vladimir Putin taka rankontre chèf politik etranje Pati Kominis Chinwa a nan kapital peyi a, Moskou.

Potpawol Kremlen an, Dmitry Peskov di jounalis yo Lendi "nou pa ekate posibilite" pou Putin ta rankontre Wang Yi, ki se responsab pi wo plase Pati Kominis Chinwa a kap travay sou politik etranje. Misye ap vizite Moskou.

Peskov chante lwanj relasyon LaRisi ak Lachin kom 'multi-dimansyonèl ak bon jan alye'.

Vizit Wang nan Moskou vini apre chita tande li te genyen Samdi ak Sekretè Deta Antony Blinken nan vil Munich, kote yo tap asiste konferans entènasyonal sou sekirite a.

Blinken di nan yon mesaj li pibliye sou Twitter apre rankonte la ke li te re-itere avètisman kote li mande Lachin pa ede Larisi ak operasyon militè lap mennen nan Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG