Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Tire Yon Misil Nan Moman Etazini, Ak Kore di Sid ap Pare Pou Fè Egzèsis Militè Ansanm


SEOUL, Kore di Sid (AP) — Kore di Nò tire yon misil lon pote soti nan kapital li pou ale nan lanmè Japon, yon jou apre li te menase pou pran mezi solid kont Kore di Sid ak Etazini akoz egzèsis militè yo gen entansyon fè ansanm.

Kore di Sid semèn sa a te anonse yon seri egzèsis militè ak Etazini ki vize pou reponn ak menas Nò a kontinye ap fè.

Japon di misil la pat fè okenn domaj Samdi.

Misil sa ke Nò a tire a fè pati seri lansman misil ke peyi a kontinye ap fè, e yo lanse menas atak nikleyè prevantif kont Kore di Sid oswa Etazini sou sa li konsidere kòm menas pou lidèchip li.

Egzèsis Kore di Sid-Etazini prevwa pou mitan mwa Mas la. Li pral santre sou menas nikleyè Kore di Nò ap fè.

XS
SM
MD
LG