Accessibility links

Breaking News

Lidè Kore di Nò a Mennen Pitit Fi li Al Vizite Twoup Militè Yo


Lidè Kore di Nò Kim Jong Un te mennen pitit fi li al vizite twoup yo nan okazyon 75yèm anivèsè fondasyon lame a.

Nan menm okazyon sa a li te felisite fòs nikleyè lame a.

Dapre sa medya leta a di de vizit lidè a, Kim te bay yon diskou pou l te ankouraje twoup li yo.

Te gen siy ki montre Kore di Nò ap prepare pou l òganize yon gwo parad militè, ke ofisyèl Kore di Sid yo di ta sanble te kòmanse byen ta Mèkredi.

Pitit fi Kim la, Kim Ju Ae, ki gen 9 oswa 10 an konsa. Li te abiye menmjan ak papa l 'epi yo te kenbe men pandan to tap mache sou yon tapi wouj.

Gen gwo pawòl kap pale pou mande eske wi ou non Kim ap prepare pitit fi li pou l vin siksesè li.

XS
SM
MD
LG