Accessibility links

Breaking News

Fòs Ris yo Atake Ikrèn ak Misil


View shows a damaged building in the frontline town of Bakhmut
View shows a damaged building in the frontline town of Bakhmut

Fòs ris-yo atake Ikrèn ak misil jedi, kote yo frape pozisyon nan tout peyi a e touye yon moun pou pi piti.

Dirijan Ikrèn yo di fòs defans Ikrèn yo desann 16 sou 36 misil ris.

Dènye seri atak aeryen ris yo fèt nan moman Nòvèj fin apwouve yon èd 5 lane pou Ikrèn ki rive nan 7 milya dola.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy di mouvman sa a fè Ikrèn ak Nòvèj pi solid, e ke LaRisi p ap ka simonte « inite ki fèt ant nou tout peyi sa yo ki renmen libète. »

Yon pwojè rezolisyon Asanble Jeneral Nasyon Zini ki pwal nan vòt nan yon sesyon espesyal semèn k ap vini an mande pou tout batay sispann nan Ikrèn e pou gen yon lapè ki asire « souverènte, endepandans, inite ak respè pou teritwa » Ikrèn.

Asanble Jeneral la espere apwouve rezolisyon an lè l reyini 23 Fevriye, jou anvan anivèsè envazyon LaRisi nan Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG