Accessibility links

Breaking News

Lachin Pran Sanksyon Kont Lockheed Martin, Raytheon Akoz Zam Yo Vann Taiwan


Foto Achiv: Yon afich konpayi Raytheon nan vil Marlborough, eta Massachusetts, 10 Jyen 2019.
Foto Achiv: Yon afich konpayi Raytheon nan vil Marlborough, eta Massachusetts, 10 Jyen 2019.

Lachin mete konpayi Ameriken Lockheed Martin Corp ak Raytheon Technologies Corp sou lis "antite ki pa fyab" akoz zam yo vann Taiwan. Mezi sa a, ki fè pati dènye seri sanksyon Peken pran kont 2 konpayi Ameriken yo, entèdi yo enpòte ak ekspòte pwoduiki gen rapò ak Lachin.

Lachin anonse mezi sa yo nan moman tansyon yo ogmantè anpil ak Etazini apre lame Ameriken te desann sa li dekri tankou yon balon espyonaj Chinwa. Peken lanse avètisman Mèkredi pou di li pral pran "mezi pou kontre Etazini" ak tout antite kap chache minnen souvrènte ak sekirite Lachin.

Ministe Komès Chinwa a di li entèdi Lockheed Martin LMT.N ak Raytheon Missile and Defense Corporation, ki se youn nan konpayi Raytheon Technologies RTX.N patisipe nan tout aktivite ki gen pou wè ak enpotasyon ak ekspòtasyon pa rapò ak Lachin.

Okenn nan konpayi sa yo pa vann pwodui defans ak Lachin. Raytheon derefize fè kòmantè sou nouvèl la. Lockheed poko fè komantè.

Peken entèdi konpayi yo envesti nan Lachin, e li entèdi gwo chabrak konpayi yo vwayaje lakay li epi anile pèmi rezidans pou tout anplwaye yo genyen nan Lachin epi enpoze amann ki egal 2 fwa valè kontra zam yo vann Taiwan.

Li poko klè kijan Lachin pral enpoze aman sa yo ke li di dwe peye nan 15 jou.

XS
SM
MD
LG