Accessibility links

Breaking News

Aktris Raquel Welch Mouri


Foto Achiv: Aktris Raquel Welch nan gran premye film "How to Be a Latin Lover" nan Los Angeles, 26 Avril, 2017.
Foto Achiv: Aktris Raquel Welch nan gran premye film "How to Be a Latin Lover" nan Los Angeles, 26 Avril, 2017.

Raquel Welch, ki te vin gen renome apre li te parèt nan film "One Million Years B.C." kote li te mete yon bikini an fouri, mouri a laj de 82 zan. Welch mouri nan maten Mèkredi dapre ajan li, Stephen LaManna.

Aktris la te gen stati kom vedèt pi seksi nan mond lan nan ane 60 ak 70 yo.

Nan film kote li te ranpòte renome entènasyonal la, ki te soti an 1966, Welch te gen yon diyalòg tou kout.

Bote li ak fizik seksi li te kaptive atansyon Hollywood. Magazin Playboy te kouwonen li kòm "dam gason pi dezire" nan ane 70 yo epi magazin Men's Health te mete li nimewo 2 sou lis "Pi Bèl Fanm Pou Tout Tan".

XS
SM
MD
LG