Accessibility links

Breaking News

Modis Espayòl Paco Rabanne Mouri


Foto Achiv: Modis Paco Rabanne (a goch) pandan yon konferans pou lapres nan Kyev, Ikren, 11 Jyen 2007.
Foto Achiv: Modis Paco Rabanne (a goch) pandan yon konferans pou lapres nan Kyev, Ikren, 11 Jyen 2007.

Modis Espayòl Paco Rabanne mouri a laj de 88 an.

Konpayi ki se pwopriyetè mak Rabanne nan anonse lanmò modis la Vandredi. Misye konu pou pafen li epi stil rad futuris li yo.

Konpayi bote Puig dekri Rabanne tankou yon "modis vizyonè" e "youn pami pèsonaj pi enpòtan mòd la nan 20em syèk la. "

Mezon mòd Rabanne nan gen koleksyon li ekspoze nan Paris, e li gen pou l devwale nouvo rad prèt-a-pòrte li yo pandan fashion week (semen mòd la) ki pral kòmanse 27 Fevriye pou fini 3 Mas.

Coco Chanel te dekri Rabanne "metalurjis mod la." Misye te sèvi ak tout kalite metal nan mòd li yo - pami yo chèn ke yo te konn asosye ak chevalye medyeval yo.

XS
SM
MD
LG