Accessibility links

Breaking News

Migran kap Chache Sponsò Ozetazini Jwen Kèk Of Sispèk sou Entènèt


Foto Achiv: Yon koup ki soti Cuba tann otorite yo revize deman yo pou azil Ozetazini apre yo travese fwontye a nan Yuma, Arizona, 6 Janvye 2023.
Foto Achiv: Yon koup ki soti Cuba tann otorite yo revize deman yo pou azil Ozetazini apre yo travese fwontye a nan Yuma, Arizona, 6 Janvye 2023.

Yon mache nwa vinn parèt pou migran kap chache sponsò Ozetazini apre administrasyon Biden nan te anonse mwa pase a ke li pral aksepte yon kantite limite migran ki soti Venezyela, Kiba, Nikaragwa ak Ayiti.

Moun ki vle aplike pou pwogram pawòl imanitè a bezwen yon moun Ozetazini ki ka pwomèt pou l apiye yo finansyèman pou omwens 2 zan.

Kounyea, migran dezespere yo ap chache sou entènèt. Yo jwen plizyè òf sou rezo sosyal yo kote moun ofri pou sponsorize yo men pou plizye milye dola.

Ekspè yo di òf sa yo ka pa vyole okèn lwa, men gen anpil chans pou yo pran migran yo nan pèlèn epi mete yo nan yon sityasyon kote yo eksplwate yo.

XS
SM
MD
LG