Accessibility links

Breaking News

Yon Foul Ayisyen Kanpe Devan Biwo Imigrasyon pou Fè Paspò yo


HAITI-PROTEST/
HAITI-PROTEST/

Plizyè sitwayen Ayisyen ki espere aplike pou pwogram"Pawòl imanitè " Etazini an te rasanble devan biwo Imigrasyon ak Emigrasyon nan Pòtoprens ak dokiman yo, pou yo kapab fè paspò.

Pwogram imanitè sa ap pèmèt jiska 30,000 imigran ki soti Kiba, #Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela antre #Ozetazini chak mwa.

5 janvye 2023, administrasyon Prezidan Joe Biden te anonse ke migran ki soti Kiba, Ayiti ak Nikaragwa ta pral kapab jwenn chans pou yo mande azil anba Tit 42.

Dapre nouvo pwogram nan, jiska 30,000 imigran ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela ka antre Ozetazini chak mwa ak yon "parol" imanitè tanporè pou dezan.

Jean Petite ki se yon sitwayen ki ta renmen vin emigre Ozetazini, te di ke li te eseye pandan twa semèn pou fè paspò li.

XS
SM
MD
LG