Atak masiv sa yo touche yon pakèt enfrastrikti enpòtan--- sa ki lakoz gwo pwoblèm elektrisite.
Pa egzamp Zaporizhzhia, kote ou jwenn pi gwo santral nikleyè ann ewòp , resevwa 17 misil nan inèdtan, dapre majistra enterimè vil la.
Moun te ka tande anpil sirèn ki endike atak aeryen lame ris la. Se konsa otorite ikrenyen yo mande moun nan popilasyon sivil la pou rete vijilan lè yo tande sirèn yo pou yo ka mete yo nan yon abri.
Frap vandredi sa a rive jis kèk jou anvan 24 fevriye, ki se premye anivèsè envazyon Larisi a an Ikrèn. Atak sa yo rive tou apre vizit prezidan ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy nan vil Lond ( Angletè), Pari (Frans ) e Brisèl( Bèljik). Dapre pwomès yo, ikren dwe resevwa cha pou fè lagè nan men Etazini, Almay ak lòt alye l’OTAN(Oganizasyon Trete Atlantik Nò), men li poko gen ase cha pou lanse yon kont-ofansiv kont Larisi.
Yon lòt kote, Moskou anonse, nan vwa vis-premye minis li, Alexander Novak , li pral redui pwodisksyon petwòl li a a 500 mil dwoum pa mwa apati mwa mas kap vini la a .