Accessibility links

Breaking News

Nòvèj Pwopoze $7. 3 milya Èd Pou Ikrèn


FILE - Norway's Prime Minister Jonas Gahr Stoere arrives for meeting with Ukraine's President Volodymyr Zelenskyy, in Kyiv, Ukraine July 1, 2022. (Handout photo, via Reuters)

Premye-minis peyi Nòvèj pwopoze jodi lendi a yon èd 7 milya 300 milyon dola èd pou Ikrèn, kòm dènye peyi ki moutre sipò pou Ikrèn pami alye li yo ann Ewòp, pandan Ikrèn ap goumen kont yon envazyon laRisi.

Premye-minis Jonas Gahr Stoere te pale ak jounalis apre li te reyini ak kèk lidè opozisyon, pou di ke li ap bay èd la sou yon peryòd 5 lane, e ke gouvènman li an vle ajoute plis sipò pou lòt peyi ke konfli a afekte.

Li di, “Nou kont pou Nòvèj pran angajman pou yon kontribisyon nan Ikrèn ki ap dire. »

Fòk Palman Nòvèj la apwouve èd la.

Jounal Financial Times rapòte lendi Inyon Ewòp-la ap pare pou yon vizit Prezidan Ikrèn Volodymir Zelenskyy semèn sa a pou pale ak Palman Inyon Ewòp la. Lidè Inyon an yo te vwayaje nan Kyèv semèn pase. Depi LaRisi te anvayi Ikrèn, sa gen yon lane, Zelenskyy fè sèlman yon vwayaj ke moun konnen deyò peyi a.

XS
SM
MD
LG