Accessibility links

Breaking News

LaRisi: Si L Oksidan Founi Ikrèn Zam, sa Pa Pwal Dekouraje Fòs Ris yo


Raketa balistike ndërkontinentale ruse Yars, duke u përdorur gjatë stërvitjes bërthamore në pjesën veriperëndimore të Rusisë (26 tetor 2022)
Raketa balistike ndërkontinentale ruse Yars, duke u përdorur gjatë stërvitjes bërthamore në pjesën veriperëndimore të Rusisë (26 tetor 2022)

LaRisi di jodi mèkredi a si loksidan founi Ikrèn zam ki ka tire pi lwen, sa pa pwal dekouraje fòs ris yo, men pwal ogmante tansyon an e eskalade konfli a.

Pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov pale konsa pandan gen nouvèl kòmkwa Etazini ap pare pou yon nouvo seri èd ki ta gen ladann wokèt ki ka tire pi lwen pou ede fòs Ikrèn yo repouse yon envazyon LaRisi.

Ajans nouvèl Reuters rapòte ke, dapre sa 2 otorite ameriken di sou kesyon an, yon zam ki rele Ground Launched Small Diameter Bomb, Bonm Ti Dyamèt pou Lanse Atè, ki ka tire sou distans 150 kilomèt, ap nan seri èd ke Etazini pwal anonse pa pita ke semèn sa a.

Nan nouvo seri zam yo, ka gen tou Javelin anti-tank, sistèm kont drone ak kont pyès kanno, machin blende, ekipman kominikasyon, ak ase ekipman medikal pou sipòte 3 lopital sou teren konfli a.

Yon lòt kote, gouvènman Ikrèn nan di madi yon rapò sou dwa moun ki detaye “divès ka” kote fòs Ikrèn yo te deplwaye min anba tè ki entèdi, “otorite konpetan nan Ikrèn pwal etidye rapò a.”

Rapò a eksprime dout ke òganizasyon dwa moun ka fè Ikrèn konfyans ak dout tou sou entansyon li pandan alye yo nan l-OTAN ap vide èd zam pou valè plizyè milya dola nan Ikrèn pandan envazyon LaRisi a ki la depi prèske yon lane.

XS
SM
MD
LG