Accessibility links

Breaking News

NFL Football Zepòl Kare: Tom Brady Anonse Ankò Lap Pran Retrèt li


Foto Achiv: Kwatebak ekip futbol zepol kare Tampa Bay Buccaneers la, Tom Brady (12).
Foto Achiv: Kwatebak ekip futbol zepol kare Tampa Bay Buccaneers la, Tom Brady (12).

Tom Brady kwatebak vedèt Football Zepòl Kare a anonse ke li ap pran retrèt li, Mèkredi.

Jwè a, ki gen 45 an, te gen yon bèl karyè ki gen ladann anpil rekò. Misye te genyen setyèm chanpyona Super Bowl li nan ane 2021 e li te anonse apre sa yon retrèt ki pat dire.

Brady di nan yon videyo ki te pibliye sou medya sosyal: "Mwen konnen pwosesis la se te yon gwo zafè dènye fwa a, kidonk lè mwen leve maten an mwen te jis anrejistre video sa a e se noumenm ki konnen sa an premye."

XS
SM
MD
LG