Accessibility links

Breaking News

Tom Brady Konfime Lap Pran Retrèt li


Foto Achiv: Kwatebak ekip futbol zepol kare Tampa Bay Buccaneers la, Tom Brady (12).
Foto Achiv: Kwatebak ekip futbol zepol kare Tampa Bay Buccaneers la, Tom Brady (12).

TAMPA - Tom Brady, "kwatèbak" foutbòl zepol kare pwofesyonèl ki gen plis siksè nan listwa NFL la (Lig Nasyonal Futbol Etazini) anonse retrèt li, apre li genyen 7 chanpyona Super Bowl epi tabli divès rekò. Karyè li te dire 22 zan.

"Se yon bagay ki difisil pou'm ekri men ann ale: Mwen pap pran angajman pou'm patisipe nan konpetisyon nan lavni," Brady ekri sou kont Instagram li. "Mwen te adore karyè mwen nan NFL la men kounyea li lè pou'm devwe enèji'm ak tan mwen a lot bagay ki bezwen atansyon'm. "

Depi lontan, Brady te toujou eksprime dezi li pou'l pase plis tan ak madanm ni, mannken Gisele Bundchen, epi 3 pitit yo - malgre li tap jwe epi genyen match nan NFL la.

Brady gen 44 an, e lap kite NFL la apre li sot dirije ekip li Tampa Bay Buccaneers pou'l ranpote tit chanpyona Super Bowl la sezon pase a, epi chanpyona NFC (konferans nasyonal futbol) Sid la sezon sa a.

Kwatebak ekip Tampa Bay Buccaneers la kite teren futbol la apre defet ekip li nan match kont Los Angeles Rams, 23 Janvye 2022.
Kwatebak ekip Tampa Bay Buccaneers la kite teren futbol la apre defet ekip li nan match kont Los Angeles Rams, 23 Janvye 2022.

Nouvèl sou retrèt Brady a te pibliye depi Samdi. Men fanmi l ak ekip Buccaneers la te demanti ke misye te pran yon desizyon final sou sa. Misye anonse Lendi swa nan podcast li sou rezo radyo SiriusXM ke li potko pare pou finalize plan li.

Desizyon an vini Madi maten pito.

Tom deklare: "Mwen reflechi anpil pandan semèn ki pase a e mwen poze tèt mwen kèk kestyon difisil. Mwen fyè de sa nou akonpli. Ko-ekipye mwen yo, antrenè yo, konpetitè yo ak fanatik yo merite 100% efo mwen e kounyea, li pi bon pou'm kite jwèt la pou pwochen jenerasyon atlèt ki dedye e angaje yo."

Brady, ki te pase anpil tan kom kwatèbak New England Patriots (ekip Boston an) anvan li tal jwe Florid, di li poko deside kisa'l pral fè ak tan lib li, men li gen entansyon travay plis ak konpayi TB12 li a, yon konpayi sante, liy rad Brady la epi konpayi NFT a.

XS
SM
MD
LG