Accessibility links

Breaking News

Malgre Bwi Kap Kouri, Tom Brady Poko Pran yon Desizyon sou Retrèt li


Foto Achiv: Jwe Tampa Bay Buccaneers Rob Gronkowski, a goch epi kwatebak Tom Brady (12) selebre viktwa yo nan mach kont Kansas City Chiefs nan vil Tampa, Florid.
Foto Achiv: Jwe Tampa Bay Buccaneers Rob Gronkowski, a goch epi kwatebak Tom Brady (12) selebre viktwa yo nan mach kont Kansas City Chiefs nan vil Tampa, Florid.

TAMPA - Malgre bwi kap kouri pou di kòm kw lap pran retrèt li, Tom Brady di Tampa Bay Buccaneers li poko deside, dapre sa 2 moun ki byen ranseye sou sityasyon an di Associated Press.

ESPN te premye medya ki ta rapòte Bradi ap pran retrèt li, e li site sous li pa idantifye. Konpayi Brady a pibliye yon tweet ki endike lap pran retrèt li e moun toupatou nan mond lan te reyaji ak felisitasyon pou karyè Brady a.

Sepandan, yon ti tan apre, yo te efase tweet la e ajan ki reprezante Brady te deklare kwatèbak la ki gen 44 an, se sèl moun ki ka di presizeman kisa li pral fè nan lavni.

Brady enfòme manadje ekip Buccaneers la, Jason Licht ke li poko pran yon desizyon dapre 2 moun ki te pale ak AP sou kondisyon pou yo pa site non yo akoz deklarasyon yo baze sou konvèsasyon prive.

XS
SM
MD
LG